Maryland

Bati yon lavi miyò depi 1976.

Telamon Corporation - Workforce and Career Services in Maryland

SÈVIS MENDÈV AK
& PWOFESYONÈL

Telamon ofri plizyè pwogram pou ede moun ki gen tout laj pou aprann nouvo konpetans pou yo kapab jwenn pi bon travay.

Si w ap chèche pou amelyore konpetans anrapò ak travay ou de fason pou w kapab jwi de yon pi bon estabilite finansyè ki sòti nan pi bon travay, nou gen yon pwogram pou ou.

Pwogram Nasyonal Travay pou Travayè Agrikòl

Ofri sèvis ki bay travayè agrikòl yo fòmasyon oswa prepare yo pou lòt travay.

Pwogram pou Jèn Adilt

Devlope konpetans ki mennen nan siksè antanke adilt.

Pwogram FAST ak Ti Rèstoran One Stop

Resevwa fòmasyon pou travay nan endistri sèvis alimantè.

MOUN KI KALIFYE YO P AP PEYE ANYEN.

Biwo Administratif Eta a.
  • Sèvis Mendèv ak Pwofesyonèl Maryland-Delaware – nan Tri-County Council • 31901 Tri-County Way, Suite 112, Salisbury, MD 21804 (map) • 410-546-4604
Sussex County, Delaware
  • Sèvis Mendèv ak Pwofesyonèl Telamon MD-DE – Seaford • 215 High Street, Suite 104, Seaford, DE 19973 (map)
Wicomico County, Maryland
  • Ba One-Stop Telamon MD-DE (Pwogram FAST) • 31901 Tri-County Way, Suite 112, Salisbury, MD 21804 (map) • 410-546-4604
Worcester County, Maryland
  • Sèvis Mendèv ak Pwofesyonèl Telamon MD-DE – Snow Hill • 203 River Street, Snow Hill, MD 21863 (map)

OTONOMI
FINANSYE AK LOJMAN

Jwenn ak kenbe yon kay, jere lajan, epi planifye pou lavni.

Edikasyon se konpozan ki pi enpòtan nan siksè finansye an. Nan Telamon, nou bay pwogram ak atelye sou divès kalite sijè, sòti nan fè bidjè ak kredi pou achte yon kay epi siviv echèk finansyè.

Èske w vle lwe oswa achte yon kay?

  • Pwogram pou Moun k ap achte kay pou Premye Fwa
  • Edikasyon ak Konsèy nan Zafè Lokasyon
  • Enfòmasyon sou Dwa Lojman Ekitab

Èske w bezwen èd sou lòt pwoblèm?

  • Sèvis pou Moun ki Sanzabri
  • Sèvis Konsèy sou Kredi
  • Konsèy Finans Pèsonèl
  • Sèvis Kominotè – Pwogram Alimantè Ak Sipò Ijans, Anglè nan espas Travay

Èske w bezwen èd pou w peye ipotèk ou oswa dèt ou?

  • Pwogram Prevansyon Sezi Kay (Foreclosure Prevention)
  • Jesyon Finansyè Ak Konsèy Bidjetè
  • Prevansyon Sezi Kay ak Rediksyon Pèt Avanse
  • Diminisyon Dèt Ak Konsèy sou Delenkans
  • Asistans Peman Ipotèk
  • Konsèy Ipotèk Ranvèse(Reversed Mortgage)
Telamon Corporation - Housing and Financial Empowerment in Maryland

SÈVIS KOMINOTÈ

Pwogram Sèvis Kominotè Maryland genyen:

  • Pwogram Alimantè Ak Sipò Ijans, ki bay asistans ipotèk ak lwaye, ak nitrisyon atravè fonksyònman yon Gad Manje Piblik.
  • Pwogram Anglè nan Espas Travay la – pou bay sipò ak aprantisaj lang Anglè atravè itilizasyon enstrikasyon ki mete w alèz (Rosetta Stone) nan laboratwa enfòmatize ajans patnè yo.
Telamon Corporation - Maryland’s Community Services

Istwa Siksè

Maudeline, Maryland

Li di: “Mwen santi mwen gen yon bèl avni devan mwen!”

Telamon Corporation - Maudeline | Success Story in GeorgiaFè konesans Maudeline. Gras ak Pwogram NFJP an, li te swiv fòmasyon nan pwogram kilinè Telamon MD lan. Marye e li gen sis (6) pitit, Maudeline gen anbisyon pou li travay antanke kwizinyè nan lopital ki nan kominote li an, epi Telamon te ede li jwenn travay ki mache ak objektif sa a. Gen apèn de (2) an, li te santi tankou li te pral pase tout lavi li nèt ap travay antanke travayè agrikòl. lijwenn kouraj nan fòmasyon pou jwenn travay la ak sesyon pou ranfòse konpetans nan salklas la Telamon te bay la, Maudeline angaje li kounya nan bèl avni li t ap reve an. “Patisipe nan pwogram NFJP an…. sa se etap ki pi enpòtan yon moun kapab pran pou reyalize rèv yo. Mwen santi mwen gen yon bèl avni devan mwen! Kounya mwen kapab sipòte fanmi mwen. Kounya mwen kapab sipòte pitit mwen yo. Mwen pa ka tann pou mwen gradye epi kòmanse travay.

MOUN KI KALIFYE YO P AP PEYE ANYEN.

Decatur County
  • Sèvis Mendèv ak Pwofesyonèl Telamon DE • 215 High Street, Suite 104, Seaford, DE 19973 (map) • 866-844-8556
Wicomico County, Maryland
  • Lojman ak Otonomi finansye Telamon MD nan Sant One-Stop Salisbury  • 31901 Tri-County Way, Salisbury, MD 21804 (map) • 866-844-8556

CONTACT US TO SEE HOW WE CAN HELP YOU
TRANSFORM YOUR LIFE.